Delaware.gov logo

Pèmi Distribisyon ak Komèsyalizasyon – Vil Ocean City Demann Renouvèlman



Divizyon Dlo

Pibliye: 18 fevriye 2026
Kòmantè yo dwe: 20 mas 2026

Avi DNREC Nimewo WR20260063
Règleman ki pa gen Diskriminasyon
Dokiman pou Revizyon
Aplikasyon
Pwojè Pèmi

Aktyèlman, biwo sa a ap egzamine demann:

Sèvis Dlo Ize nan Vil Ocean City, Maryland (Vil Ocean City) gen yon pèmi pou distribisyon ak komèsyalizasyon (Distribution and Marketing, DM) ki otorize distribisyon ak komèsyalizasyon biyosolid yo toupatou nan Eta Delaware kòm pwodui angrè ki estabilize abaz lacho epi ki pasterize ak chalè. Biyosolid nan Vil Ocean City yo jenere nan Ocean City nan Maryland. Pou garanti yo an konfòmite ak egzijans règlemantè Eta a epi Federal yo, san wete egzijans ki lye ak pwodui biyosolid “Klas A” “Kalite Eksepsyonèl” yo, pwodui ki fini yo ap soumèt anba prelèvman pou verifye kèk paramèt bakteryolojik, chimik ak nitrisyonèl anvan yo distribiye yo. An konfòmite ak pèmi DM Vil Ocean City a bay la, yo kapab itilize biyosolid yo kòm amandman tè pou aktivite agrikòl, òtikòl, silvikòl oswa lòt aktivite pou remete tè a an eta kote li kapab nesesè pou gen yon amandman kalkè, jan yon analiz nan tè a ap montre sa epi an konfòmite ak etikèt pwodui ki apwouve yo.

Pou kesyon ki konsène aplikasyon ak plan, tanpri kontakte:

Commercial and Government Services Section
DNREC Div. of Water
89 Kings Highway, Dover, DE 19901
(302) 739-9948
Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov

Yo pa PA P òganize yon odyans piblik sou demand yo sot pale alè a. Sof si sekrete Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònmantal Delaware (Delaware Department of Natural Resources and Environmental Control, DNREC) a estime yon odyans piblik nan interè piblik la oswa si yo resevwa yon objeksyon ekri ki valab pou demand lan nan 30 jou ki vin apre piblikasyon avi sa a, kidonk anvan 4 è 30 nan jou k ap 20 mas 2026 la. Y ap jije yon demand odyas piblik solid si li demontre yon bon konesans demand lan epi bay deklarasyon motive sou enpak ki ka rive lè yo pran mezi a.

Tanpri voye tout kòmantè ekri nou yo ak/oswa tout demand solid pou odyans piblik yo nan adrès imèl di vin apre a imèl Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov.




+