Delaware.gov logo

Tit VI ak DNREC

Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònmantal nan Delaware (Department of Natural Resources and Environmental Control, DNREC) pran oserye responsablite li yo nan kad Tit V nan Lwa Dwa Sivil ane 1964 – yon lwa istorik ki entèdi diskriminasyon sou baz ras, koulè, oubyen orijin nasyonal – ak lòt lejislasyon federal ki asire egalite ak jistis nan pwogram ak aktivite ki resevwa asistans finansye federal.

Kisa Tit VI an ye?

Tit VI nan Lwa Dwa Sivil la nan ane 1964 (42 U.S.C. Seksyon 2000d) deklare “okenn moun nan Etazini pa pral, sou baz ras, koulè, oubyen orijin nasyonal, ekskli nan patipasyon, oubyen refize benefis nan, oubyen sijè a diskriminasyon nan kad kèlkeswa pwogram oubyen aktivite k ap resevwa asistans finansye federal.”

Lwa Restorasyon Dwa Sivil nan ane 1987 la (Pub. L. 100-259) te ogmante definisyon an pou “pwogram ak aktivite” pou enkli tout pwogram ak aktivite pou benefisyè, sou-benefisyè ak founisè, menm si pwogram ak aktivite sa yo resevwa asistans federal ou non.  

Kòm yon benefisyè finansman federal, Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwonman (DNREC) nan obligasyon pou l respekte règ, lwa, ak reglemana ki nan Tiv VI lan.

Anplis, Tit VI aplike a benefisyè asistans finansye federal ki pase atravè DNREC nan fòm sibvansyon, kontra, oubyen soutretans, menm jan ak asistans finansye federal ki pase atravè lòt ajans Eta a pou ale nan DNREC. 

Pou plis enfòmasyon, kontakte:
Katera Moore, PhD
DNREC Title VI Coordinator (Kowòdonatris Tit VI nan DNREC)
89 Kings Highway
Dover, DE 19901
302-739-9001
DNREC_EJ@delaware.gov

Politik Tit VI nan DNREC

Eleman swivan yo se politik DNREC: Okenn moun pa dwe, sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, laj oubyen andikap soufri ekskilizyon nan patipasyon nan, oubyen refize benefis nan, oubyen sijè a diskriminasyon nan kad nenpòt pwogram oubyen aktivite k ap resevwa asistans finansye federal, jan sa eksplike nan kad Tit VI nan Lwa Dwa Sivil 1964 la, Lwa Restorasyon Dwa Sivil 1987 la, Lwa Reyabilitsyon 1973 la, ak tout lòt lwa ak ekzijans ki lye ak non-diskriminasyon. 

Tit VI ekzije pou DNREC pran aksyon espesifik pou asire obeyisans ak lwa federal ki enkli asire tout founisè, soutretan, sou-benefisyè ki resevwa kontra ak sibvansyon ki finanse pa DNREC respekte Tit VI ak tout lòt lwa, regleman, ak règ ki asosye ak li.

Tit VI mande tou pou DNREC founi asistans lang gratis pou moun ki pale anglè limite (LEP) 

Depoze yon Plent Tit VI

Enfòmasyon sa a soti nan paj Depoze yon Plent pou Diskriminasyon ou sitwèb EPA a.

Nenpòt moun ki kwè ke yon antite ki resevwa asistans federal nan men EPA te fè diskriminasyon kont yon moun sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, (sa enkli paske li pa pale anglè byen), sèks, andikap oubyen laj; oubyen te angaje nan entimidasyon oubyen vanjans ki entèdi pa regleman non-diskriminasyon EPA a, ka depoze yon plent. Moun lan oubyen òganizasyon an k ap depoze plent lan pa oblije se li ki te viktim diskriminasyon sipoze a men li ka pote plent nan non yon lòt moun oubyen gwoup.

Ki enfòmasyon ou dwe mete nan yon plent? 

Plent lan dwe reyalize alekri, dwe klèman idantifye kiyès ekspeditè a, sa enkli siyati li, epi dwe prezante enfòmasyon kontak ekspeditè a bay EPA. Nou sijere tou pou w mete yon nimewo telefòn ak/oubyen yon adrès imel pou nou kontakte w. 

Plent lan dwe idantifye òganizasyon ki aparaman te komèt diskriminasyon an. Tanpri sonje EPA ka sèlman ankete plent ki depoze kont òganizasyon ki resevwa asistans federal nan men EPA. 

Plent lan dwe deklare yon diskriminasyon ki entèdi atravè youn nan lwa EPA aplike yo. Dekri ak tout detay posib poukisa ou santi òganizasyon an te komèt diskriminasyon kont ou menm oubyen lòt moun sou baz ras, koulè, oubyen orijin nasyonal (sa enkli moun ki pa pale anglè byen); sèks, andikap, oubyen laj, oubyen angaje nan entimidasyon oubyen vanjans ki entèdi pa regleman non-diskriminasyon EPA an. 

Yo dwe depoze plent lan nan 180 jou sivil apati dat kote dènye aksyon diskriminasyon alege a te rive a. EPA ka konsidere pwolonje peryòd 180 jou pou depoze, pou bon rezon ki pwouve, nan kèk sikonstans. 

Ki kote pou m voye plent mwen an? 

Voye enfòmasyon plent lan bay: 

U.S. Environmental Protection Agency
Office of External Civil Rights
Mail code 2310A
1200 Pennsylvania Avenue, NW
Washington, D.C. 20460
Imel: Title_VI_Complaints@epa.gov
Faks: (202) 564-3316 

Related Topics:  , , , , ,





+