Delaware.gov logo

Delaware NPDES Reotorizasyon Pèmi Konstriksyon Jeneral



Divizyon Entandans Basen Vèsan

Pibliye: 1 desanm 2025
Kòmantè yo dwe: 31 desanm 2025

Avi DNREC Nimewo WSS20250423
Règleman ki pa gen Diskriminasyon

Depatman Resous Natirèl ak Kontról Anvironman (DNREC) Pwogram Divizyon Jesyon Responsab Sediman ak Dlo Lapli te revize Sistèm Eliminasyon Dechaj Polyan Nasyonal Delaware (NPDES) Pèmi Konstriksyon Jeneral (CGP). CGP a te premye otorize kankou yon pèmi poukont li nan mwa Mas 2021 avèk yon period efektif de senk lane epi pou li reotorize apre. Dokiman say o sipòte 7 DE Admin. Kòd 7201 Regilasyon kap gouvène Kontròl Polisyon Dlo, Pati 2 – Kondisyon Spesyal pou Dechaj Dlo Lapli nan Aktivite Konstriksyon.

Chanjman Propose bay Delaware NPDES CGP enkli aktyalizasyon pou eklèsi kondisyon epi prosedi jesyon NOI avèk NOT, avèk egzijans dokiman sou plas, aktyalizasyon URLs epi tèminoloji, aliye tanpon natirèl, kontwòl pousyè, estabilizasyon tè a, proteksyon inlet, konsepsyon sediman basen, epi kontwòl dezidratasyon ak estanda regilasyon yo; reòganize mezi pou prevansyon polisyon pou aliye avèk 2022 federal CGP; aktyalizasyon pratik jesyon dechè avèk vide kontenè fatra; define dezidratasyon; epi ajoute yon alokasyon pou limite pwoteksyon nouvo pèmi pou moun ki gen pèmi ki pa konfòme yo.

Chanjman yo pwopoze yo detaye nan fèy enfòmasyon Delaware NPDES CGP. Revizyon Delaware NPDES CGP avèk Fèy Enfòmasyon yo disponib pou revizyon nan dnrec.delaware.gov/dnrec-public-notices.

Yon odyans piblik PAP fèt sof si Sekreté DNREC a detèmine ke yon odyans piblik nan enterè piblik la nesesè oswa si yo resevwa yon demann merite objeksyon pou pèmi a anndan 30 jou de dat avi sa a. Yon demann pou yon odyans piblik dwe a lekri epi montre familyarite avèk pèmi a, epi bay yon deklarasyon rezone de enpak pwobab revizyon pèmi a.

Komantè avèk Kesyon konsènan revizyon Delaware NPDES CGP yo ka dirije bay Bonnie Arvay, bonnie.arvay@delaware.gov.




+