Delaware.gov logo

Biwo sa a ap Egzamine Aplikasyon: Konsèy Konte Sussex



Divisyon Dlo


Pibliye: 27 me 2026
Kòmantè yo dwe: 26 jen 2026

Avi DNREC Nimewo WR20260190
Règleman ki pa gen Diskriminasyon

Dokiman pou Revizyon
Pwojè Pèmi

Biwo sa a ap Egzamine aplikasyon: Konsèy Konte Sussex

Konsèy Pwovens (County) Sussex (Sussex County) te fè demann renouvèlman pèmi aktyèl li a pou itilizasyon agrikòl pwodui segondè Klas B ki soti nan fatra likid ak solid ak nan tretman dlo ize (biosolids) daprè Pati III, B., Konsèy ak Reglemantasyon ki Gouvènen Tretman Dechè Sou Tèren an. 3 anplasman sit aplikasyon yo otorize yo gen 148 kawo tè ki sitiye apeprè 6.44 kilomèt alès Selbyville yo konnen sou non Bunting Farm 1 (nimewo pasèl fiskal 5-33-18.00-15.00) ak Bunting Farm 2 (nimewo pasèl fiskal 5-33-18.00-61.00) ak 29 kawo tè ki sitiye apeprè a 6.44 kilomèt nòdès Millsboro yo konnen sou non Tower Farm (nimewo pasèl fiskal: 2-34-22.00-16.00). Yo ka aplike pwodui segondè Klas B ki soti nan fatra likid ak solid ak nan tretman dlo ize (biosolids) ki soti nan South Coastal, Wolfe Neck, Inland Bays, Piney Neck, ak lòt santral tretman dlo ize nan sit aplikasyon yo otorize yo, jan Depatman an apwouve sa pa ekri.

Li obligatwa pou yo fè analiz peryodik sou pwodui segondè ki soti nan fatra likid ak solid ak nan tretman dlo ize (biosolids) yo pou yon lis paramèt espesifik tankou nitriyan ak metal anvan yo aplike yo sou tèren. Yo dwe livre pwodui segondè ki soti nan fatra likid ak solid ak nan tretman dlo ize (biosolids) yo sou sit tèren kote y ap aplike yo a swivan jan yo dekri sa nan yon pèmi transpò fatra ki valid kote li obligatwa pou materyo a se materyo yo aplike sou tèren ak yon to agwonomik.

Pou kesyon ki konsène aplikasyon ak plan, tanpri kontakte:

Divizyon Dlo DNREC
89 Kings Highway
Dover, DE 19901
Seksyon Sèvis Sosyal Gouvènman ak Komèsyal
Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov
(302) 739-9948

Yo pa PA P òganize yon odyans piblik sou demand yo sot pale alè a. Sof si sekrete Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònmantal Delaware (Delaware Department of Natural Resources and Environmental Control, DNREC) a estime yon odyans piblik nan interè piblik la oswa si yo resevwa yon objeksyon ekri ki valab pou demand lan nan 30 jou ki vin apre piblikasyon avi sa a, kidonk anvan 4 è 30 nan jou k ap 26 jen 2026 la. Y ap jije yon demand odyas piblik solid si li demontre yon bon konesans demand lan epi bay deklarasyon motive sou enpak ki ka rive lè yo pran mezi a.

Tanpri voye tout kòmantè ekri nou yo ak/oswa tout demand solid pou odyans piblik yo nan adrès imèl di vin apre a imèlCommercial_Government_LegalNotice@delaware.gov.




+