Delaware.gov logo

Pèmi Agricultural Utilization: James Wells Farm



Divizyon Dlo

Pibliye: 17 oktòb 2025
Kòmantè yo dwe: 1 novanm 2025

Avi DNREC Nimewo WR20250376
Règleman ki pa gen Diskriminasyon
Dokiman pou Revizyon
Aplikasyon
Pwojè Pèmi

Biwo sa a ap egzamin aktyèlman aplikasyon:

Konsèy Konte Susexx (Konte Sussex) te mande yon pèmi pou itilizasyon agrikòl biyosolid Klas B nan non Pati 3, B. (Part III, B.), sou Direktiv ak Règleman ki la pou Tretman Dechè Sòl la (Guidance and Regulations Governing the Land Treatment of Wastes). Espas yo pwopoze pou aplikasyon an se yon moso teren 85 ak ki nan yon distans anviwon 6 mil nan sidès Milford, yo konnenn l sou non James Wells Farm (nimewo pasèl fiscal 2-30-14.00-192.00). Dènyèman, Vil Rehoboth Beach te mete fen ak pèmi itilizasyon agrikòl li a epi sispann lage biyosolid sou James Wells Farm. Konte Sussex te mande fè transfè pèmi itilizasyon agrikòl la nan Konte Sussex pou yo ka lage biyosolid Klas B enstalasyon rejyonal pou tretman dlo sal li a Inland Bays pwodui. Anvan yo lage yo, yo dwe fè analiz peryodik sou biyosolid yo selon yon lis paramèt espesifik, espesyalman sou vale nitriman ak metal yo genyen andedan yo. Y ap bezwen fè livrezon biyosolid yo nan espas y ap lage yo a jan l dwe fèt selon yon pèmi transpò dechè ki valid. Kote y ap bezwen lage yo nan yon to ki agwonomik.

Pou kesyon ki konsène aplikasyon ak plan, tanpri kontakte:

Commercial and Government Services Section
DNREC Div. of Water
89 Kings Highway, Dover, DE 19901
(302) 739-9948
Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov

Yo pa PA P òganize yon odyans piblik sou demand yo sot pale alè a. Sof si sekrete Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònmantal Delaware (Delaware Department of Natural Resources and Environmental Control, DNREC) a estime yon odyans piblik nan interè piblik la oswa si yo resevwa yon objeksyon ekri ki valab pou demand lan nan 15 jou ki vin apre piblikasyon avi sa a, kidonk anvan 4 è 30 nan jou k ap November 1st, 2025 la. Y ap jije yon demand odyas piblik solid si li demontre yon bon konesans demand lan epi bay deklarasyon motive sou enpak ki ka rive lè yo pran mezi a.

Tanpri voye tout kòmantè ekri nou yo ak/oswa tout demand solid pou odyans piblik yo nan adrès imèl di vin apre a imèl Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov.




+