Delaware is experiencing high levels of particulate air pollution. The risk of health effects is increased for everyone. Consider limiting or avoiding activities outdoors.
Delaware está experimentando niveles elevados de contaminación atmosférica por partículas. El riesgo de efectos adversos para la salud es mayor para todas las personas. Considere limitar o evitar las actividades al aire libre.
Delaware ap fè fas ak gwo nivo polisyon nan lè a ki soti nan patikil. Risk pou sante moun afekte a ogmante pou tout moun. Konsidere limite oswa evite aktivite deyò.
More Info
Annakò ak kòd 29 Delaware, seksyon 10407, Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònman nan Delaware (Delaware Department of Natural Resources and Environmental Control, DNREC) pral reyalize yon evalyasyon regleman ajans la ki pa t modifye nan dènye kat lane yo. Pou w wè yon lis regleman yo ki sijè a evalyasyon sa a, vizite sitwèb DNREC a nan dnrec.delaware.gov/regulatory-review/.
DNREC ap chache kòmantè piblik pou konnen si wi oubyen non regleman ki sijè a evalyasyon sa a ta dwe modifye oubyen posibleman elimine.
Twa odyans piblik anpèsòn (chak nan yo ap dire omwen yon 30 minit) pral reyalize pou resevwa kòmantè vèbal nan men piblik la:
Pou plis enfòmasyon sou odyans sa yo, tanpri vizite de.gov/dnrechearings.
DNREC pral aksepte kòmantè piblik jiska 11 Jiyè, 2025. Kòmantè alekri ta dwe pi espesifik posib, sa enkli yon referans a regleman patikilye, epi yo ka soumèt yo nan youn nan twa fason sa yo:
DNREC – Office of the Secretary
Attn: DNREC Hearing Officer
89 Kings Highway, Dover, DE 19901