Pibliye: 22 avril 2026
Kòmantè yo dwe: 22 me 2026
Dokiman pou Revizyon
Aplikasyon
Aplikasyon Addendum
Pwojè Pèmi
Sèvis nou an ap fè analiz demann aktyèlman pou:
NaturaLawn of America, Inc. (NaturaLawn), ki nan Frederick, Maryland gen yon pèmi distribisyon ak komèsyalizasyon (distribution and marking, DM) ki otorize l distribiye epi komèsyalize biyosolid yo konnen sou non Milorganite, nan tout Eta Delaware lan kòm pwodui fètilizan. Yo pwodui biyosolid NaturaLawn yo nan izin Tretman Dlo Ize Stickney, Distri Metwopoliten Tretman Dlo Ize Gwo Chicago a (Metropolitan Water Reclamation District of Greater Chicago, MWRDC) ap jere epi estabilize an enstalasyon sechaj tèmik Metropolitan Biosolids Management LLC (MBM), yo toulede nan Cicero, Illinois. Pou asire respè egzijans règlemantè Federal ak Eta a, san wete sa ki gen rapò ak biyosolid “Klas A” ak “Kalite San Parèy”, yo fè echantiyon pwodui ki fini an pou analize kèk paramèt bakteryolojik, chimik ak nitrisyonèl anvan yo distribiye l. Jan pèmi pou distribisyon ak komèsyalizasyon (distribution and marking, DM) with NaturaLawn mande l lan, yo ka itilize biyosolid yo nan yon dòz ki pèmèt yo bay nitriman ki nesesè pou kwasans vejetal yo, jan sa ye sou etikèt pwodui yo otorize yo.
Pou kesyon ki konsène aplikasyon ak plan, tanpri kontakte:
Divizyon Dlo DNREC
89 Kings Highway
Dover, DE 19901
Seksyon Sèvis Sosyal Gouvènman ak Komèsyal
Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov
(302) 739-9948
Yo pa PA P òganize yon odyans piblik sou demand yo sot pale alè a. Sof si sekrete Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònmantal Delaware (Delaware Department of Natural Resources and Environmental Control, DNREC) a estime yon odyans piblik nan interè piblik la oswa si yo resevwa yon objeksyon ekri ki valab pou demand lan nan 30 jou ki vin apre piblikasyon avi sa a, kidonk anvan 4 è 30 nan jou k ap 22 me 2026 la. Y ap jije yon demand odyas piblik solid si li demontre yon bon konesans demand lan epi bay deklarasyon motive sou enpak ki ka rive lè yo pran mezi a.
Tanpri voye tout kòmantè ekri nou yo ak/oswa tout demand solid pou odyans piblik yo nan adrès imèl di vin apre a imèl Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov.
Related Topics: biosolids, byosolid, distribution and marketing, distribye ak vann, permitting and regulation, public notice, water