Notifikasyon sa a anonse disponiblite ak opòtinite pou fè kòmantè sou Premye Vèsyon Evalyasyon ak Metodoloji Referansman ki soti nan men Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònmantal la pou Rapò Konbine an 2026 nan Delaware sou Evalyasyon Basen Dlo (305 (b)) ak Detèminasyon pou Seksyon Lwa Dlo Pwòp 303 (d) Lis Mas Dlo ki Bezwen TMDLs (Rapò Entegre a). Dokiman sou Oryantasyon Rapò Entegre ki soti nan EPA a disponib anliy sou www.epa.gov/tmdl/identifying-and-listing-impaired- waters-under-clean-water-act.
Depatman gen plan pou l gen yon premye vèsyon Rapò Entegre prè pou kòmantè piblik apati Janvye 2026.
Dokiman Premye Vèsyon Metodoloji Evalyasyon disponib sou sit wèb Depatman an nan documents.dnrec.delaware.gov/Watershed/Assessment/2026-DRAFT-Integrated-Report-Assessment-Methodologies.pdf.
Dokiman ki lye ak ansyen Rapò Entegre disponib sou sit wèb Depatman an nan dnrec.delaware.gov/watershed-stewardship/assessment/reports/.
Adisyonèlman, Depatman an ap solisite done ouyben enfòmasyon adisyonèl nan men piblik la ki ka petèt poko konsidere pou Premye Vèsyon Rapò Entegre a. Depatman an te devlope yon politik done ekstèn, ki eksplike kijan nenpòt done yo resevwa pral itilize.
Ou ka jwenn regleman an sou sit wèb Depatman an nan documents.dnrec.delaware.gov/Watershed/Assessment/External-Data-Policy.pdf. Tanpri kontakte Depatman an pa pita pase 8 Septanm 2025, pou w soumèt done ak enfòmasyon apwopriye.
Tout kòmantè sou dokiman Metodoloji Evalyasyon ak nenpòt done adisyonèl ki resevwa nan dat oubyen anvan 8 septanm 2025 pral konsidere nan kad devlopman Rapò Entegre a. Ou ka voye kòmantè oubyen done bay Dr. Bhanu Paudel atravè lapòs nan DNREC/Division of Watershed Stewardship, Watershed Assessment and Management Section, 285 Beiser Blvd., Suite 102, Dover, DE 19904 oubyen voye yon imel nan SurfaceWQS@delaware.gov. Nou prefere mesaj elektwonik.
Tanpri rele Dr. Paudel nan (302) 739-9939 ak kesyon oubyen demann pou enfòmasyon adisyonèl.