Delaware.gov logo

Modifikasyon nan Pèmi pou Operasyon Sistèm Tretman ak Evyakyasyon Dlo Ize sou Sit la: Allen Harim Foods, LLC



Divizyon Dlo

Pibliye: 23 janvye 2026
Kòmantè yo dwe: 7 fevriye 2026

Avi DNREC Nimewo WR20260031
Règleman ki pa gen Diskriminasyon
Dokiman pou Revizyon
Demann Amannman
Pèmi Aktyèl la

Aktyèlman, biwo sa a ap egzamine demann:

Aplikan: Allen Harim Foods, LLC
Anplasman: Harbeson Processing Facility, 18752 Harbeson Road, Harbeson, DE 19951
Pasèl: 2-35-30.00-0097.00

Deskripsyon Pwojè a: Allen Harim Foods, LLC vle fè yon modifikasyon limite nan Pèmi pou Operasyon Sistèm Tretman ak Evyakyasyon Dlo Ize sou Sit la (Pèmi Eta No. 597261-01) pou Allen Harim Harbeson Processing Facility a. Anplis pwòp pwosesis tretman pa li a, aktyèlman, enstalasyon Harbeson nan gen otorizasyon pou li resevwa epi trete jiska 40,000 galon dlo ize pa jou (Gallons per Day, GPD) ki soti nan Allen Harim Pinnacle Processing Facility a, ansanm ak 40,000 galon dlo ize pa jou ki soti nan Allen Harim Dagsboro Hatchery a. Demann modifikasyon an ap bay enstalasyon Harbeson nan otorizasyon pou li resevwa epi trete yon volim maksimòm konbine epi ogmante ki se 120,000 GPD dlo ize ki soti nan enstalasyon Pinnacle ak Dagsboro yo, san yo pa repati yo pou chak sit. Aplikan an vle jwenn modifikasyon sa a yon fason pou li amelyore fleksibilite ak efikasite jesyon operasyon tretman dlo ize yo nan enstalasyon Harbeson lan. Enstalasyon Harbeson nan p ap chèche ogmante pwòp pwosesis operasyon li yo, enstalasyon an gen yon kapasite tretman ki sifi pou yo jere ogmantasyon kantite yo ap transpòte a, epi aplikan an p ap chèche ogmante limit rejè a an mwayèn ki se 1.5 milyon galon pa jou (Million Gallon per Day, MGD) sou 7 jou ak 2.0 MGD nan jou ki gen anpil aktivite yo. Kidonk, demann modifikasyon sa a limite sèlman nan modifikasyon Pati I.D a ki se “Limit Enfliyans” Pèmi Eta a No. 597261-01.

Fòm demann lan ak lòt enfòmasyon enpòtan yo disponib nan: dnrec.delaware.gov/dnrec-public-notices.

Pou kesyon ki konsène demann lan ak plan yo, tanpri kontakte:

Commercial and Government Services Section
DNREC Div. of Water
89 Kings Highway, Dover, DE 19901
(302) 739-9948
Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov

Yo P AP òganize yon odyans piblik sou demann ki anwo a, sof si Sekretè DNREC a panse yon odyans piblik ap nan enterè jeneral la oswa si yo resevwa yon objeksyon alekri jistifye pou demann modifikasyon limite sa a, nan 15 jou ki vin apre yo fin pibliye avi sa a, ki ap fini a 4:30 p.m. nan 7 fevriye 2026. Yo ap jije yon demann odyans piblik kòm fonde si li montre yon bon konesans sou demann lan epi li bay yon deklarasyon motive konsènan enpak mezi a kapab genyen.

Tanpri voye tout kòmantè ekri nou yo ak/oswa tout demand solid pou odyans piblik yo nan adrès imèl di vin apre a imèlCommercial_Government_LegalNotice@delaware.gov.




+