Divizyon Dlo DNREC a ap egzamine aplikasyon Artesian Wastwater Management, Inc. yo aktyèlman konsènan yon nouvo pèmi konstriksyon ansanm ak yon seri amandman pou yon pèmi eksplwatasyon renouvle pou amelyorasyon faz 3 Enstalasyon Rejyonal pou Rechaj nan Sussex (Sussex Regional Recharge Facility, SRRF), ki chita kò l sou wout 30 lan, apeprè 4,000 pye nan zòn nò nan entèseksyon wout 16 ak 30 lan, nan sid Reynolds Pond Rd (Road 231) nan Konte Sussex (Pasèl Konte Sussex, Nimewo 235-6.00-28.09).
Nou konsidere, aplikasyon yo konplè administrativman epi sa sifi pou pèmèt nou fè yon odyans piblik konsènan Pwojè Pèmi Konstriksyon ak Eksplwatasyon Sistèm Tretman ak Evakyasyon Dlo Ize Otonòm nan, nan dat Jedi k ap 18 Desanm 2025 lan, apati 6 è nan apre midi. (Nimewo dosye: 2025-P-W-0022).
Artesian Wastewater Management, Inc. (AWMI) te aplike pou yon pèmi konstriksyon pou yon Sistèm Tretman ak Evakyasyon Dlo Ize Otonòm (On-Site Wastewater Treatment and Disposal System, OWTDS) nan men Eta Delaware pou amelyorasyon faz 3 Enstalasyon Rejyonal Rechaj Sussex (SRRF) la. Amelyorasyon yo pwopoze yo ap gen pou ogmante kapasite tretman an jiska 1,875 milyon galon chak jou pou dlo ki fin itilize k ap sot nan yon seri zòn sèvis AWMI nan Konte Sussex. Nan amelyorasyon yo pwopoze nan faz 3 a gen yon seri nouvo ekipman treman k ap itilize menm teknoloji ak enstalasyon ki deja egziste yo epi l ap gen ladan l, kontriksyon yon ekran mekanik nan antre a, kat (4) liy tretman ibrid Bardenpho siplemantè yon seri klarifikatè entegre epi estokaj labou atravè vantilasyon, yon seri ponp antre (ki enstale nan pi ki deja la), yon sistèm filtrasyon ak fib tekstil, yon sistèm reyon Iltra-Vyolè ak yon seri ponp refoulman (ki enstale nan pi ki deja la a). Y ap gen pou ponpe dlo ize yo trete yo pou y al lage yo nan yon rezèvwa ki ka pran 90 milyon galon dlo trete. Nan faz 3 a, kapasite evakyasyon an ap rete menm jan an.
AWMI te aplike pou yon renouvèlman ak modifikasyon pèmi eksplwatasyon nimewo 359288-02 Eta Delaware la pou Enstalasyon Rejyonal Rechaj nan Sussex (Sussex Regional Recharge Facility, SRRF). Aktyèlman, SRRF otorize pou yo resevwa dlo ize ki fin trete k ap soti nan sistèm tretman dlo ize nan Izin Tranfòmasyon Bèt Volay Allen Harim Foods (Allen Harim Foods Harbeson Processing Facility) nan Harbeson, yon fason pou yo ka estoke yo nan rezèvwa 90 milyon galon an anvan yo evakye yo atravè irigasyon sou fòm pilverizasyon. Aktyèlman tou, SRRF gen otorizasyon pou resevwa epi trete dlo ize k ap sot nan zòn sèvis AWMI yo, melanje dlo ize ki deja trete yo ak pa Allen Harim yo nan rezèvwa ki egziste deja a ki ka pran 90 milyon galon an, epi evakye dlo ize ki deja trete yo atravè irigasyon sou fòm pilverizasyon. Amandman yo pwopoze nan pèmi eksplwatasyon nimewo 359288-02 AWMI an ap otorize eksplwatasyon amelyorasyon sistèm tretman dlo ize yo nan faz 3 a, apre yo fin konstwi l.
Pou plis enfòmasyon sou dosye ki ekri anlè a, epi pou revize aplikasyon Wastewater Management, Inc. yo, dokiman jistifikatif yo, ak pwojè pèmi yo, tanpri vizite paj entènèt odyans piblik DNREC a nan: de.gov/dnrechearings oswa kontakte John Rebar Jr. nan john.rebar@delaware.gov oswa 302-739-9948.
Odyans piblik sou dosye ki ekri anlè a ap gen pou fèt nan jou Jedi k ap 18 Desanm 2025 lan, l ap kòmanse nan lè 6 è nan apre midi. W ap jwenn lyen pou w al swiv odyans vityèl la sou paj entènèt odyans piblik DNREC yo nan de.gov/dnrechearings. Si yo mande w yon kòd, tanpri itilize 891238. Pou jwenn aksè nan pati odyo a sèlman nan odyans vityèl la, rele nan 1-305-224-1968 epi antre nimewo idantifikasyon reyinyon an: 820 0085 4816 (Modpas: 891238). Gen yon asistans lengwistik ki disponib sou demann nan 10 jou anvan odyans lan. Sou-tit yo disponib atravè platfòm ZOOM nou itilize pou tout odyans piblik DNREC yo.
Moun ki ta renmen fè kòmantè vèbal pandan odyans piblik vityèl DNREC yo, enskri davans pou pi ta nan lè midi nan jou odyans vityèl la nan de.gov/dnreccomments oswa atravè telefòn nan nimewo 302-739-9001.
DNREC pral aksepte kòmantè piblik apati 2 Janvye 2026. N ap gen pou n aksepte kòmantè alekri yo atravè imèl nan DNRECHearingComments@delaware.gov, atravè fòmilè anliy lan nan de.gov/dnreccomments oswa atravè lapòs Etazini nan adrès sa a:
Lisa A. Vest
DNREC – Biwo Sekretè a
89 Kings Highway, Dover, DE 19901
Related Topics: kreyol, odyans piblik, permitting and regulation, public comments, public hearing, public notice, wastewater, water