Avi a ap bay nan dokiman sa a, Allan Myers, Delaware, Inc. te soumèt yon aplikasyon, yon jan konfòm avèk 7 Kòd Administrasyon DE 1102, Seksyon 2.1, 11.2.9, ak 12.3 pou yon Amandman ki vize ogmante sèvis konkasaj RAP sou kontra soti nan 40 000 TPY rive 100 000 TPY, epi ogmante debi pwosesè RAP soti nan 300 tòn pa èdtan rive 400 tòn pa èdtan nan 3700 Bay Road, Dover, Delaware.
Allan Myers, Delaware, Inc. mande yon limit pou lè pwodiksyon 2500 èdtan/ane pou sèvis sou kontra yo. Limit sa yo nesesè pou restrenn potansyèl Allan Myers, Delaware, Inc. pou emèt divès poluan atmosferik, epi limit lan pral aplikab pa EPA ak eta a. Emisyon total estime ki soti nan enstalasyon an se 13.75 TPY TOC, 13.62 TPY NOx, 5.06 TPY SOx, 41.13 TPY CO, 3.92 TPY PM2.5, 10.61 TPY PM10, ak 19.93 TPY PT.
Aplikasyon an, pèmi “pwojè” (APC-2012/0154-OPERASYON (Amandman 15) (NSPS)(MNSR) (SM)), tout materyèl ke kandida a te soumèt (lòt apa sa yo ki akòde yon tretman konfidansyèl anba règleman DNREC yo), ak yon kopi oubyen rezime lòt dokiman yo, si nenpòt, konsidere nan prepare pèmi “pwojè” kapab revize anba demann lan. Dokiman yo pibliye nan de.gov/dnrecnotices. Pou soumèt kòmantè yo, pou enfòmasyon adisyonèl oubyen pou enfòmasyon konsènan kòman ou kapab fè enspeksyon konsènan kòman ou kapab enspekte dokiman aplikasyon yo, tanpri kontakte Jennifer Childears nan (302) 739-9402 oubyen jennifer.childears@delaware.gov.
Yon odyans piblik konsènan aksyon otorizasyon an p ap fèt amwens ke Sekretè Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònmantal resevwa yon demann pou odyans konsa nan espas trant (30) jou apati de dat avi sa a, k ap fini 12 Out 2025. Yon demann pou yon odyans pral fèt alekri epi dwe montre yon familyarite avèk demann lan epi yon deklarasyon rezone sou enpak pwobab pèmi an.
Division of Air Quality
State Street Commons, Suite 6A
100 W. Water Street, Dover 19904
302-739-9402
Related Topics: air quality, crusher, kraze, kreyol, permit amendment, permitting and regulation, public notice, title v