Delaware.gov logo

Aplikasyon pou Renouvèlman Pemit Tit V: Dover Air Force Base



Divizyon ki Responsab Kalita Lè a

Pibliye: 17 mas 2024
Kòmantè yo dwe: 23 avril 2024

Avi DNREC Nimewo AQ20240088
Règleman ki pa gen Diskriminasyon
Documentos para Revisión
Aplikasyon
Pwojè Pèmi ak Fèy Enfòmasyon

Avi sa se pou fè nou konnen Dover Air Force Base ki gen yon enstalasyon nan Route 113 ak Route 10, Dover, Delaware, depoze yon demann pou yon renouvèlman pèmi konfòmeman ak 7 DE Admin. Code 1130, Section 7 pou pèmi fonksyònman: AQM-001/00001. Sou baz enfòmasyon ak sètifikasyon ki genyen nan aplikasyon an, Divizyon Kalite Lè a konkli pou l di demandè a reponn ak tout egzijans aplikab Environmental Protection Agency (EPA) ak Department of Natural Resources and the Environment Control (DNREC) te pibliye yo. Se konsa yon “draft/pwopozisyon renouvèlman pèmi te prepare. Draft/pwopozisyon renouvèlman pèmi an ap pèmèt fonksyònman ekipman ki asosye ak aktivite Baz Ayeryen tankou mentnans, reparasyon ak depanaj avyon transpò militè sou long distance ak tretman kadav pèsonèl militè yo tiye nan tan lagè ak nan tan lapè. Renouvèlman pèmi an gen ladann retrè ekipman tankou Laboratwa Tès Motè Reyaksyon, Kabin Penti Ekipman Atè pou Sèvis Aeryen, Kabin Preparasyon Ekipman Atè pou sèvis Ayeryen ak de Jeneratris Ijans 600 kW. Ankenn nouvo ekipman pap ajoute. Renouvèlman pèmi an aktyalize kondisyon pèmi yo pou l konsidere nouvo kondisyon reglemantè yo. Pèmi 7 DE Admin. Code 1102 ki asosye ak instalasyon an, Pèmi: APC-2000/0306 (Amendment 1), Pèmi: APC-2000/0327 (Amendment 2), ak Pèmi: APC-2009/0086-Operation (Amendment1) ap chanje tou pou konsidere chanjman sa yo.

Yo ka analize, si gen demann pou sa, aplikasyon an, “draft/pwopozisyon” renouvèlman pèmi an, AQM-001/00001-Renewal 3, tout materyèl demandè a prezante (se pa sa ki resevwa tretman konfidansyèl selon regleman DNREC yo), ansanm ak yon kopi rezime lòt dokiman, si genyen, yo konsidere nan preparasyon “draft/pwopozisyon” renouvèlman pèmi a. Dokiman yo afiche sou de.gov/dnrecnotices. Pou bay kòmantè, pou jwenn plis enfòmasyon oswa enfòmasyon sou kijan ou kapab enspekte dokiman aplikasyon an, tanpri kontakte Jennifer Childears nan (302) 739-9402 oubyen jennifer.childears@delaware.gov.

“Draft/pwopozisyon” renouvèlman pèmi an soumèt bay EPA pou tretman bò pa li. Si pa genyen ankenn komantè enpòtan, “draft/pwopozisyon” renouvèlman pèmi an ap konsidere kòm yon pèmi definitif apre espirasyon peryòd analiz EPA.

P ap gen odisyon piblik konsènan pwosesis bay pèmi an sofsi Sekretè Depatman Resous Natirèl ak Kontwol Anviwònman resevwa yon demann pou odisyon nan trant (30) jou apati dat avi sa, kap fini 23 avril 2024. Yon demann odisyon ap fèt alekri epi dwe montre yon konesans aplikasyon an epi yon deklarasyon eklere sou enpak posib renouvèlman pèmi an.

Division of Air Quality
State Street Commons, Suite 6A
100 W. Water Street, Dover 19904
302-739-9402




+