Delaware is experiencing high levels of particulate air pollution. The risk of health effects is increased for everyone. Consider limiting or avoiding activities outdoors.
Delaware está experimentando niveles elevados de contaminación atmosférica por partículas. El riesgo de efectos adversos para la salud es mayor para todas las personas. Considere limitar o evitar las actividades al aire libre.
Delaware ap fè fas ak gwo nivo polisyon nan lè a ki soti nan patikil. Risk pou sante moun afekte a ogmante pou tout moun. Konsidere limite oswa evite aktivite deyò.
More Info
Men sa k nan avi a:
Delaware Solid Waste Authority, Central Solid Waste Management Center, mande yon pèmi (konstriksyon) pou konstwi oswa sèvi ak yon sistèm pou ranmase ak elimine dekonpozisyon gaz pou Zòn Eliminasyon F nan lokal yo a ki nan 1107 Willow Grove Road, Felton, nan rejyon Kent. Pèmi sa a ap pèmèt yo kontinye ak operasyon ak sèvis daprè Pèmi Tit V yo a: AQM-001/00068 (Renewal 4). Pwojè ak pèmi yo pwopoze a: APC-2024/0027-CONSTRUCTION (NSPS)(MACT) respekte tout kondisyon anrapò ak fason zòn yo ranje ansanm ak lwa ak règleman federal ak eta sou kontwòl degradasyon lè a.
Yo ka mande pou yo analize aplikasyon pou pèmi sa a. Aplikasyon an disponib sou de.gov/dnrecnotices Pou w voye yon kòmantè ale, pou w jwenn plis enfòmasyon oswa pou w jwenn enfòmasyon konsènan fason w ka verifye dokiman aplikasyon an, tanpri kontakte Jennifer Childears nan (302) 739 9402 oswa jennifer.childears@delaware.gov.
Nou P AP fè yon odyans piblik pou aplikasyon ki pi mansyone wo yo sof si Sekretè DNREC a resevwa yon demann pou odyans anrapò ak aplikasyon an nan espas 15 jou apati dat avi sa a, pou rive 25 desanm 2023. Yon demann pou yon odyans dwe fèt pa ekri. Epi demann nan dwe montre w alèz ak aplikasyon an ak yon deklarasyon ki bay detay sou enpak renouvèlman pèmi an ka genyen.
Depatman ki Responsab Kalita Lè a
State Street Commons, Suite 6A
100 W. Water Street, Dover 19904
302-739-9402