Delaware.gov logo

Delaware NPDES Pèmi Konstriksyon Jeneral Reotorizasyon



Divizyon Entandans Basen Vèsan

Pibliye: 1 fevriye 2026
Kòmantè yo dwe: 16 fevriye 2026

Avi DNREC Nimewo WSS20260021
Règleman ki pa gen Diskriminasyon

Depatman Resous Natirèl ak Kontròl Anvironman (DNREC) Pwogram Divizyon Jesyon Responsab Sediman ak Dlo Lapli rewè Sistèm Eliminasyon Dechaj Polisyon Nasyonal Delaware (NPDES) Pèmi Konstriksyon Jeneral (CGP). CGP a te otorize anvan nan mwa Màs 2021, avèk yon periyòd efektif de 5 lane, fòk pémi sa a reotorize le 11 Màs 2026. Dokiman sa a sipote 7 DE Admin. Kòd 7201 Regilasyon kap Gouvène Kontwòl Polisyon Dlo, Pati 2 – Kondisyon espesyal pou Dechaj dlo lapli ki soti nan Aktivite Konstriksyon, epu ki an konfòmite avèk Act Dlo Pwòp, 33.USC §1251 et. seq., and 40 CFR §123.1.

Delaware NPDES CGP la te yon avi piblik premye Desanm 2025. Tout kòmantè te konsidere, epi chanjman yo detaye nan fèy enfòmasyon Delaware NPDES CGP. Dokiman sa yo pibliye nan Rejis Regilasyon Fevriye 2026 lan e yo disponib pou revizyon nan dnrec.delaware.gov/watershed-stewardship/sediment-stormwater.

Yon odyans piblik sou revizyon pèmi sa a pap fèt sèl nan sitiyasyon ke Sekretè DNREC a ta detèmine ke yon odyans piblik ap nan enterè piblik la oswa si yo recevwa yon demann merite ekri nan objeksyon sou pèmi a anndan 15 jou de dat avi a nan Rejis Regilasyon yo, yon period kap fini le 16 Fevriye 2026. Yon demann pou yon odyans piblik dwe a lekri, epi montre familyarite avèk pèmi an, epi bay yon deklarasyon rezone de enpak pwobab pèmi revize sa a.

Kesyon konsènan revizyon Delaware NPDES CGP yo ka dirije bay Bonnie Arvay, bonnie.arvay@delaware.gov.




+