Pibliye: 17 jen 2026
Kòmantè yo dwe: 2 jiyè 2026
Dokiman pou Revizyon
Aplikasyon
Pèmi ki Egziste Deja
Biwo sa a ap egzamine aktyèlman aplikasyon:
Antite ki aplike a: Hometown Village of Cool Branch, LLC
Lokasyon: 26156 Graham Branch Road, Seaford DE 19973
Tèren: 132-2.00-338.02 and 132-2.00-338.03
Deskripsyon Pwojè a: Cool Branch Associates, LLC te depose yon demann renouvèlman Pèmi Eksplwatasyon ki gen Nimewo 359051-03 Eta Delaware bay pou Enstalasyon Tretman ak Evakiyasyon Dlo Kontamine nan Village of Cool Branch lan. Sistèm tretman an fèt pou trete jiska 63 000 galon dlo kontamine ki soti nan kay pak mobil home Village of Cool Branch lan pwodui pa jou. Sistèm nan gen yon moulen ak yon gri ki gen ba yo ka netwaye manyèlman pou fè eliminasyon preliminè matyè solid yo, ki gen annapre l yon basen ki gen espas pou lè pase ak yon basen fakiltatif pou polisaj/estokaj pou tretman biyolojik ak estokaj ekoulman kontamine. Se de (2) chanm ki gen kontak ak klò epi ki pozisyone nan yon batiman ki la pou klorasyon ki fè desenfeksyon final lan. Yo voye ekoulman kontamine ki trete yo nan sistèm irigasyon ki fèt ak pwojeksyon gout atravè yon estasyon ponpaj pou irigasyon ki gen twa ponp. Yo jete ekoulman ki kontamine yo ankò atravè irigasyon ki fèt ak pwojeksyon gout sou yon espas ki mezire 30,3 ak gras ak yon system irigasyon fiks.
Pou kesyon ki konsène aplikasyon ak plan, tanpri kontakte:
Divizyon Dlo DNREC
89 Kings Highway
Dover, DE 19901
Seksyon Sèvis Sosyal Gouvènman ak Komèsyal
Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov
(302) 739-9948
Yo pa PA P òganize yon odyans piblik sou demand yo sot pale alè a. Sof si sekrete Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònmantal Delaware (Delaware Department of Natural Resources and Environmental Control, DNREC) a estime yon odyans piblik nan interè piblik la oswa si yo resevwa yon objeksyon ekri ki valab pou demand lan nan 15 jou ki vin apre piblikasyon avi sa a, kidonk anvan 4 è 30 nan jou k ap 2 Jiyè 2026 la. Y ap jije yon demand odyas piblik solid si li demontre yon bon konesans demand lan epi bay deklarasyon motive sou enpak ki ka rive lè yo pran mezi a.
Tanpri voye tout kòmantè ekri nou yo ak/oswa tout demand solid pou odyans piblik yo nan adrès imèl di vin apre a imèl Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov.
Related Topics: kreyol, permit renewal, permitting and regulation, public notice, renouvèlman yon pèmi, wastewater, water