Delaware.gov logo

Pèmi pou pi: Metòd Konfòmite Altènatif: David Lee King Trustee



Divizyon Dlo

Pibliye: 29 oktòb 2025
Kòmantè yo dwe: 13 novanm 2025

Avi DNREC Nimewo WR20250387
Règleman ki pa gen Diskriminasyon

 

Biwo sa a ap egzamine aktyèlman aplikasyon:

Antite ki aplike a: David Lee King Trustee
Lokasyon: 955 Bay Rd Milford, DE 19963
Tèren: 5-00-16314-01-3700-000

Deskripsyon Pwojè a: David Lee King Trustee te mande yon Metòd Altènativ ki Konfòm pou konstriksyon yon pi piblik ki pa ka respekte distans separasyon yo mande a parapò ak enstalasyon pou tretman dlo sal yo pwopoze nan espas la.

Pou kesyon ki konsène aplikasyon ak plan, tanpri kontakte:

Commercial and Government Services Section
DNREC Div. of Water
89 Kings Highway, Dover, DE 19901
(302) 739-9948
Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov

Yo pa PA P òganize yon odyans piblik sou demand yo sot pale alè a. Sof si sekrete Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònmantal Delaware (Delaware Department of Natural Resources and Environmental Control, DNREC) a estime yon odyans piblik nan interè piblik la oswa si yo resevwa yon objeksyon ekri ki valab pou demand lan nan 15 jou ki vin apre piblikasyon avi sa a, kidonk anvan 4 è 30 nan jou k ap 13 novanm 2025 la. Y ap jije yon demand odyas piblik solid si li demontre yon bon konesans demand lan epi bay deklarasyon motive sou enpak ki ka rive lè yo pran mezi a.

Tanpri voye tout kòmantè ekri nou yo ak/oswa tout demand solid pou odyans piblik yo nan adrès imèl di vin apre a imèlCommercial_Government_LegalNotice@delaware.gov.




+