Pibliye: 18 oktòb 2026
Kòmantè yo dwe: 2 novanm 2026
Dokiman pou Revizyon
Aplikasyon
Pwojè Pèmi
Dapre Seksyon 6004 nan Tit 7 Kòd Delaware (7 Del. C.), Divizyon Dechè ak Sibstans Danjere (Division of Waste and Hazardous Substances, DWHS), atravè Seksyon Konfòmite ak Pèmi (Compliance and Permitting Section, CAPS) anonse pa mwayen avi sa a CAPS ap renouvle pèmi Fitzgerald Salvage and Recycling ki se yon Sant Resiklaj Kawotchou ki Fini (26/08), ki chita kò li nan 17115 Fitzgerald Road, Lincoln, DE 19960.
Fitzgerald Salvage and Recycling mande renouvèlman an pou l ka kontinye fè Sant Resiklaj Kawotchou ki Fini Gwoup 2 a fonksyone nan 17115 Fitzgerald Road, Lincoln, DE, 19960. Pèmi sa a gen ladan l egzijans pou fonksyònman ak siveyans anviwònman pou Fitzgerald Salvage and Recycling respekte.
Ou ka egzamine aplikasyon an ak pèmi preliminè a pou renouvèlman ak agrandisman pèmi sa a si w mande l. Aplikasyon an ak pèmi preliminè a pibliye sou entènèt nan lyen sa a de.gov/dnrecnotices.
Pou soumèt kòmantè, pou jwenn plis enfòmasyon, oswa pou konnen kijan ou ka egzamine aplikasyon an, kontakte Tara Grazier nan (302) 739-9403 oswa nan imèl sa a Tara.Grazier@delaware.gov.
Yo PAP fè okenn odyans piblik (sou sa ki anwo a) sof si Sekretè DNREC la resevwa yon demann nan espas 15 jou apre w fin resevwa avi sa a, k ap fini a 4:30 p.m. nan dat 02 novanm 2026. Yon demann pou odyans dwe fèt alekri epi li dwe endike ki kalite pwoblèm yo pral soulve nan odyans lan. Li dwe montre tou moun ki fè demann lan konnen sa ki nan aplikasyon pèmi an, epi li dwe gen yon deklarasyon ki lojik sou enpak aktivite a ka genyen.
Division of Waste and Hazardous Substances
89 Kings Highway
Dover, DE 19901
302-739-9403