Thursday, July 16, is a Code Orange Air Quality Action Day for both Ozone and Particulates for Delaware.
Jueves, 16 de julio, es un Día de Acción de Calidad del Aire de Código Naranja tanto para el ozono como para las partículas para Delaware.
Jedi 16 jiyè, se yon Jou Aksyon Kòd Zoranj pou Kalite Lè a pou ni ozòn ni patikil yo pou Delaware. More Info
Yo te soumèt yon Detèminasyon Konsistans Federal bay DNREC Delaware Coastal Management Program (DCMP) pou sa ki annapre yo: Amannman pou rapò elektwonik komèsyal NMFS (2024.0041)
Sèvis Nasyonal Lapèch Marin pwopoze pou pibliye yon règ pou aplike Amannman pou Rapò Elektwonik Komèsyal pou Gòlf Meksik la ak Rejyon Atlantik la. Amannman Komèsyal Rapò Elektwonik la gen ladan Amannman 54 nan Plan Jesyon Lapèch (FMP, an anglè) pou Fishery Snapper-Grouper nan rejyon Sid Atlantik la; Amannman 4 nan FMP pou Dolphin and Wahoo Fishery nan Atlantik la; Amannman 35 nan FMP pou Coastal Migratory Pelagics Fishery nan Gòlf Meksik ak Rejyon Atlantik yo; ak Amannman 57 nan FMP pou Reef Fish Resources nan Gòlf Meksik la. Aksyon sa a ta mande pou bato ki gen otorizasyon komèsyal yo soumèt rapò elektwonik lapèch sou fòm rapò elektwonik Direktè rechèch NMFS Southeast Fisheries Science Center a apwouve. Yo kapab revize aktivite yo pwopoze a pou konsistans dapre règleman DNREC DCMP a.
N ap resevwa kòmantè sou Detèminasyon Konsistans Federal la jiska 26 Novanm 2024. Ou ka voye komantè yo bay: Delaware Coastal Programs, Jesse Hayden, Administrator, 100 W. Water Street, Suite 7B, Dover, DE, 19904, oswa pa mwayen elektwonik bay DNREC_DCP_PublicComment@delaware.gov (Tanpri remake gen tirè souliyman ant DNREC, DCP ak Public). Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite de.gov/dnrecnotices oswa rele (302) 739-9283.