Pibliye: 12 out 2026
Kòmantè yo dwe: 11 septanm 2026
Dokiman pou Revizyon
Aplikasyon
Pwojè Pèmi
Fèy Enfòmasyon
Biwo sa a ap egzamine aktyèlman aplikasyon:
Antite ki aplike a: Winterthur Museum, Garden & Library
Lokasyon: 5105 Kennett Pike, Wilmington, DE 19735
Tèren: 0701200037
Deskripsyon pwojè a : Winterthur Museum, Garden & Library te mande renouvèlman pèmi pou Sistèm Nasyonal pou Eliminasyon Fatra ki Polyan (National Pollutant Discharge Elimination System, NPDES) li an ki gen Nimewo DE0021768 (Nimewo Eta a WPCC 3250I/74) pou l ka jete dlo sal ki gen orijin sanitè, dlo lapli ak dlo ki sot anba tè nan Wilson Run ki tonbe nan Brandywine Creek. Enstalasyon sa a chita kòl nan 5105 Kennett Pike, Winterthur, ki se yon Konte New Castle, nan Delaware. Estasyon tretman an trete dlo sal ki gen orijin sanitè yo pèsonèl la ak vizitè mize ak jaden yo pwodui. Li gen ladan yon machin pou kraze, de basen pou egalize kantide k ap soti a ki gen yon kapasite iti ki konbine ak 13,700 galon pou ba li lè, li gen tou de ponp alimantasyon nan pati alè ki pou vide a, yon basen pou bay lè ki gen yon kapasite 25,000 galon, yon pati pou fè separasyon alafen, yon ponp alimantasyon pou filtè a, yon filtè ki fèt ak sab sou presyon ak yon system dezenfeksyon ak iltravyolè.
Sou baz yon egzamen anvan pèsonèl li a te fè ak aplikasyon nòm ak règleman ki an vigè yo. Depatman an pwopoze pou renouvle pèmi sa a, sou rezèv kèk limitasyon ak kondisyon ki gen rapò ak sa k ap koule deyò yo.
Pou kesyon ki konsène aplikasyon ak plan, tanpri kontakte:
Divizyon Dlo DNREC
89 Kings Highway
Dover, DE 19901
Seksyon Sèvis Sosyal Gouvènman ak Komèsyal
Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov
(302) 739-9948
Yo pa PA P òganize yon odyans piblik sou demand yo sot pale alè a. Sof si sekrete Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònmantal Delaware (Delaware Department of Natural Resources and Environmental Control, DNREC) a estime yon odyans piblik nan interè piblik la oswa si yo resevwa yon objeksyon ekri ki valab pou demand lan nan 30 jou ki vin apre piblikasyon avi sa a, kidonk anvan 4 è 30 nan jou k ap 11 septanm 2026 la. Y ap jije yon demand odyas piblik solid si li demontre yon bon konesans demand lan epi bay deklarasyon motive sou enpak ki ka rive lè yo pran mezi a. Tanpri voye tout kòmantè ekri nou yo ak/oswa tout demand solid pou odyans piblik yo nan adrès imèl di vin apre a imèl Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov.
Related Topics: dlo sal sanitè, kreyol, NPDES, permitting and regulation, public notice, surface water discharge, water