Pibliye: 24 jen 2026
Kòmantè yo dwe: 24 jiyè 2026
Dokiman pou Revizyon
Pwojè Pèmi Jeneral
Fèy Enfòmasyon Bouyon
Biwo sa a ap egzamine demand:
Demandè: Sous Ponktyèl k ap Itilize Pestisid Dlo Eta a
Pozisyon: Eta Delaware
Pati Teren an (yo): N/A
Deskripsyon Pwojè a: Pèmi Jenenral pou Pestisid non Dlo nan Sistèm Nasyonal Eliminasyon rejè Polyan (National Pollutant Discharge Elimination System, NPDES) Nimewo DE 0051241 (Otorizsyon pou Rejè ki Soti nan Sous Ponktyèl Akoz Itilizasyon Pestisid nan Dlo Eta a).
Depatman Resous Natirèl ak Pwoteksyon aniwònman Delaware (Delaware Department of Natural Resources and Environmental Control, DNREC) pibliye yon avi piblik sou renouvèlman pwojè otorizasyon jeneral Sistèm Nasyonal Eliminasyon rejè Polyan (National Pollutant Discharge Elimination System, NPDES) pou itilizasyon Pestisid nan Dlo. Avis sa a konsène Otorizasyon an menm. Depi yo fin bay Pèmi Jeneral lan, yon demandè ka benefisye kouvèti Pèmi Jeneral sa a bay lè l soumèt yon Avi Entansyon ki ranpli selon nòm yo epi si sa nesesè yon Plan Jesyon Rejè Pestisid pou DNREC egzamine epi apwouve.
Yon pèmi pou Pestisid ki nan Dlo se yon pèmi pou rejè ponktyèl Lalwa Federal pou Dlo Pwòp (Federal Clean Water Act) otorize epi règlemantasyon Federal ak Etatik la egzije moun k ap fè eksplwatasyon ak pestisid biyolijik oswa chimik ki kite kras yo dirèkteman nan Dlo Eta a yo oswa endirèkteman nan sistèm k ap vide nan Dlo Eta a yo. Nan Eta Delaware, DNREC mete sou pye pwogram NPDES ki gen rapò ak Pestisid ki nan Dlo. Objektif pèmi pou Pestisid nan Dlo a se règlemante aktivite ki mande itilizasyon pestisid tou pre oswa nan Dlo Eta a yo epi tou kontribiye nan amelyore ak kenbe kalite Dlo Eta a yo.
Sou baz yon egzamen preliminè ekip yo a fè epi aplikasyon nòm ak règlemantasyon ki valid nan moman an, DNREC pwopoze pou l bay moun k ap fè eksplwatasyon ki konsène yo yon pèmi Jeneral pou itilizasyon Pestisid nan Dlo, sou rezèv yon kantite ekoulman kontamine ki limite ak kondisyon yo prevwa nan pèmi sa a.
Pou plis enfòmasyon epi pou konsilte pwojè otorizasyon NPDES la ki gen rapò ak Pestisid nan Dlo anliy ansanm ak dokiman akonpayman yo, vizite paj intènèt DNREC la ki konsakre pou Pestisid nan Dlo sou dnrec.delaware.gov/water/commercial-government/npdes/aquatic-pesticides/ oswa kontakte Gavin Ferris nan Gavin.Ferris@delaware.gov or 302-739-9946.
Pou kesyon ki konsène aplikasyon ak plan, tanpri kontakte:
Divizyon Dlo DNREC
89 Kings Highway
Dover, DE 19901
Seksyon Sèvis Sosyal Gouvènman ak Komèsyal
Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov
(302) 739-9948
Yo pa PA P òganize yon odyans piblik sou demand yo sot pale alè a. Sof si sekrete Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònmantal Delaware (Delaware Department of Natural Resources and Environmental Control, DNREC) a estime yon odyans piblik nan interè piblik la oswa si yo resevwa yon objeksyon ekri ki valab pou demand lan nan 30 jou ki vin apre piblikasyon avi sa a, kidonk anvan 4 è 30 nan jou k ap 24 Jiyè 2026 la. Y ap jije yon demand odyas piblik solid si li demontre yon bon konesans demand lan epi bay deklarasyon motive sou enpak ki ka rive lè yo pran mezi a.
Tanpri voye tout kòmantè ekri nou yo ak/oswa tout demand solid pou odyans piblik yo nan adrès imèl di vin apre a imèl Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov.
Related Topics: aquatic pesticides, kreyol, NPDES, permitting and regulation, pestisid nan dlo, public notice, water