Pibliye: 4 novanm 2026
Kòmantè yo dwe: 24 nNovanm 2026
Dokiman pou Revizyon
Fòm Konfòmite Federal
Yo te soumèt yon Detèminasyon Koyerans Federal bay Pwogram Jesyon Kotyè Delaware (Delaware Coastal Management Program, DCMP) ki nan Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònmantal Delaware (Delaware Department of Natural Resources and Environmental Control, DNREC) pou sa ki annapre yo: HUD Cedar Avenue (2027.0002)
Sussex County Habitat for Humanity ap pwopoze pou l itilize finansman pwojè kominotè Depatman Lojman ak Devlopman Iben Etazini (U.S. Department of Housing and Urban Development, HUD) pou konstwi yon kay pou yon sèl fanmi nan 295 Cedar Ave, Seaford, DE. Aktivite yo pwopoze a ap sibi yon egzamen pou yo verifye koyerans li ak règleman DCMP yo.
Y ap aksepte kòmantè konsènan Detèminasyon Koyerans Federal sa a soti 4 Novanm 2026 pou rive 24 Novanm 2026. Ou ka voye kòmantè yo bay: DNREC Coastal Programs, Jesse Hayden, Administrator, 100 W. Water Street, Suite 7B, Dover, DE, 19904, oswa elektwonikman bay DNREC_DCP_PublicComment@delaware.gov. (Tanpri sonje gen yon trè ant DNREC, DCP ak Public). Pou w konnen ki dokiman ou dwe soumèt epi pou w jwenn enfòmasyon siplemantè tanpri vizite de.gov/dnrecavi oswa rele (302) 739-9283.