Delaware.gov logo

Pèmi NPDES Nimewo DE 0050083: Seksyon Pak ak Lwazi



Divizyon Dlo


Pibliye: 28 oktòb 2026
Kòmantè yo dwe: 28 novanm 2026

Avi DNREC Nimewo WR20260413
Règleman ki pa gen Diskriminasyon

Dokiman pou Revizyon
Fèy Enfòmasyon
Pwojè Pèmi

Biwo sa a ap evalye demann:

Moun oswa òganizasyon ki fè demann lan: Seksyon Pak ak Lwazi Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònman (Division of Parks and Recreation, Department of Natural Resources and Environmental Control) an
Adrès: 1068 Howell School Road, Bear, DE 19701, New Castle County
Pasèl: 1104700005, 1105100002, 1104200007, 1104700006

Deskripsyon Pwojè a: Seksyon Pak ak Lwazi Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònman an te mande pou yo renouvle Pèmi Nimewo DE0050083 li a (nimewo Eta a: WPCC 3150I/74) pou Sistèm Nasyonal Eliminasyon Dechè Polyan (National Pollutant Discharge Elimination System, NPDES) pou li ka evakye dlo ize sanitè yo fin trete yo nan yon kouran dlo san non nan Kanal Chesapeake ak Delaware a. Enstalasyon sa a sitiye l nan 1068 Howell School Road nan Bear, New Castle County, Delaware. Aktyèlman, se sèlman kouran dlo ki soti nan santral tretman dlo ize a yo evakye. Tretman segondè a gen ladan l filtraj, yon pwosesis tip ayerasyon pwolonje, yon basen polisaj ak pwosesis pou ajoute klorin anvan yo evakye lo a. Yo voye ma dlo ize ki soti nan pwosesis tretman an nan Santral Tretman Dlo Ize Vil Wilmington (City of Wilmington Wastewater Treatment Plant), atravè sistèm koleksyon New Castle County a, pou lòt tretman ak eliminasyon alavni.

Daprè yon revizyon preliminè pèsonèl la epi aplikasyon nòm ak règleman lejitim yo, Depatman an pwopoze pou renouvle pèmi sa a, avèk sèten limit ak kondisyon sou kouran dlo ki koule deyò yo.

Pou kesyon ki konsène aplikasyon ak plan, tanpri kontakte:

Divizyon Dlo DNREC
89 Kings Highway
Dover, DE 19901
Seksyon Sèvis Sosyal Gouvènman ak Komèsyal
Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov
(302) 739-9948

Yo pa PA P òganize yon odyans piblik sou demand yo sot pale alè a. Sof si sekrete Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònmantal Delaware (Delaware Department of Natural Resources and Environmental Control, DNREC) a estime yon odyans piblik nan interè piblik la oswa si yo resevwa yon objeksyon ekri ki valab pou demand lan nan 30 jou ki vin apre piblikasyon avi sa a, kidonk anvan 4 è 30 nan jou k ap la 28 Novanm 2026. Y ap jije yon demand odyas piblik solid si li demontre yon bon konesans demand lan epi bay deklarasyon motive sou enpak ki ka rive lè yo pran mezi a.

Tanpri voye tout kòmantè ekri nou yo ak/oswa tout demand solid pou odyans piblik yo nan adrès imèl di vin apre a imèl Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov.




+