Delaware.gov logo

Pèmi Fonksyònman Sistèm Tretman ak Eliminasyon Dlo Ize Sou Plas: : Hometown Angola Beach, LLC



Divizyon Dlo


Pibliye: 18 mas 2026
Kòmantè yo dwe: 2 avril 2026

Avi DNREC Nimewo WR20260090
Règleman ki pa gen Diskriminasyon

Dokiman pou Revizyon
Aplikasyon
Lèt Rapò Konfòmite
Rapò Konfòmite
Pèmi Operasyon Modifye

Biwo sa a ap egzamine aktyèlman aplikasyon:

Antite ki aplike a: Hometown Angola Beach, LLC
Lokasyon: 23063 Suburban Boulevard, Lewes, DE 19958
Tèren: 234-18.00-1.00

Deskripsyon Pwojè a: Hometown Angola Beach, LLC te soumèt yon aplikasyon renouvèlman pou yon Pèmi Fonksyònman pou yon Sistèm Tretman ak Eliminasyon Dlo Ize ki Sou Plas pou Etablisman Tretman Dlo Ize Angola Beach And Estates la. Sistèm nan trete dlo ize domestik ki soti nan espas amenajman Angola Beach ak Angola Estates la.  Yo lage rejè dlo yo fin trete a atravè Irigasyon pa aspèsyon nan yon chan atomizè ki 14.17 kawo ki sitiye nan Suburban Drive tou kole ak biwo a ansanm ak clubhouse nan espas amenajman Angola Estates la, nan Sussex County, Delaware. Yo konsevwa sistèm nan pou koneksyon 700 inite, pou tretman 91 000 galon pa jou (gpd), ak eliminasyon 111,160 gpd. Pèmi ki la deja a otorize pou yo konekte 625 inite. Yo mande moun ki resevwa pèmi an pou li konekte 19 lòt inite swivan pèmi ki la deja a.

Pou kesyon ki konsène aplikasyon ak plan, tanpri kontakte:

Commercial and Government Services Section
DNREC Div. of Water
89 Kings Highway, Dover, DE 19901
(302) 739-9948
Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov

Yo pa PA P òganize yon odyans piblik sou demand yo sot pale alè a. Sof si sekrete Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònmantal Delaware (Delaware Department of Natural Resources and Environmental Control, DNREC) a estime yon odyans piblik nan interè piblik la oswa si yo resevwa yon objeksyon ekri ki valab pou demand lan nan 15 jou ki vin apre piblikasyon avi sa a, kidonk anvan 4 è 30 nan jou k ap 2 avril 2026 la. Y ap jije yon demand odyas piblik solid si li demontre yon bon konesans demand lan epi bay deklarasyon motive sou enpak ki ka rive lè yo pran mezi a.

Tanpri voye tout kòmantè ekri nou yo ak/oswa tout demand solid pou odyans piblik yo nan adrès imèl di vin apre a imèl Commercial_Government_LegalNotice@delaware.gov.




+