Delaware.gov logo

7 Del. C. §6012 Chanjam Tanporè Ann Ijans Nan Kondisyon Yo: Perdue Foods, LLC



Depatman ki Responsab Kalita Lè a

Pibliye: 3 septanm 2023

Men sa k nan avi a:

Perdue Foods, LLC, mande yon di chanjman tanporè ann ijans nan kondisyon yo pou l konstwi epi sèvi ak yon veso pou bouyi ak gaz natirèl 20.92 MMBTU nan lokal yo a ki nan 255 N. Rehoboth Blvd, lokal Milford la nan dat 29 Out 2023. Yo te jwenn chanjman nan kondisyon yo nan dat 30 Out 2023, e l ap kontinye aplike jiskaske yo ka jwenn yon pèmi pou yon peryòd ki p ap depase trant jou. Veso pou bouyi a ap rete nan lokal la jiskaske yo repare veso pou bouyi ki otorize a.

Yo te voye yon aplikasyon pou yon pèmi tanporè e y ap trete l antanke yon dosye separe ann amoni ak 7 DE Kòd Admin 1102 Seksyon 11.13. Veso pou bouyi a ap lakoz gen 0.82 tòn CO ki gaye chak ane, 1.53 tòn NOX chak ane, 0.026 tòn SOX pa ane, 0.16 tòn VOC pa ane, 0.33 tòn PM10 pa ane ak 0.33 tòn PM2.5 pa ane pa mwayen Pèmi: APC-2024/0019-CONSTRIKSYON/FONKSYÒNMAN (Tanporè). Tanpri remake pèmi minè sentetik ki la deja nan lokal la ap mete restriksyon sou eleman toksik k ap degaje akoz veso ki pou bouyi tanporè sa a (Pèmi APC-1982/0395-FONKSYÒNMAN (Amannman 10) (NSPS) (VOC RACT) (SM)) ki limite gwo kantite eleman toksik k ap degaje yo nan 0.07 tòn SOX chak ane, 11.20 tòn NOX chak ane, 8.37 tòn CO pa ane, 0.85 tòn nan total PM nan, ak 0.58 tòn VOC chak ane.




+