Delaware.gov logo

7 DE Admin. Kòd 1102 Aplikasyon pou Pèmi Minè Natirèl: Kraft Heinz Foods Company



Divizyon ki Responsab Kalita Lè a

Pibliye: 24 mas 2024
Kòmantè yo dwe: 8 avril 2024

Avi DNREC Nimewo AQ20240096
Règleman ki pa gen Diskriminasyon
Documentos para Revisión
Aplikasyon

Men sa k nan avi a:

Kraft Heinz Foods Company, mande yon otorizasyon pou l konstwi oswa sèvi ak yon veso pou bouyi gaz natirèl Cleaver Brooks Modèl CBR-200-500-250ST ki alimante ak gaz natirèl 19.9 MMBTU/hr, nan lokal li yo ki twouve l nan 1250 West North St., Dover, nan Komin Kent. Veso pou bouyi sa a ap gen otorizasyon pou l pwodui 0.32 tòn pa ane PM10, 0.32 tòn pa ane PM2.5, 0.03 tòn pa ane SOX, 2.81 tòn pa ane NOX, 3.54 tòn pa ane CO ak 0.23 tòn pa ane VOCs pa mwaye Pèmi: APC-2024/0068-CONSTRUCTION/OPERATION (Tanporè).

Tanpri remake eleman k ap degaje apati veso tanporè pou bouyi sa a ap gen restriksyon pèmi minè sentèz ki gentan la deja mete (Pèmi: APC-1981/0866-OPERATION) (Amannman 08)(SM)) ki mete limit nan eleman lokal la ka degaje pou rive ban 10.57 tòn pa ane PM10, 0.21 tòn pa ane SOX, 22.19 tòn pa ane NOX, 23.87 tòn pa ane CO, 19.55 tòn pa ane VOCs ak 0.69 tòn pa ane HAPs.

Yo ka analize aplikasyon pou pèmi an si gen demann pou sa. Aplikasyon an pibliye sou de.gov/dnrecnotices. Pou w voye kòmantè, pou w jwenn plis enfòmasyon oswa enfòmasyon sou fason ou ka verifye aplikasyon an, tanpri kontakte Jennifer Childears nan (302) 739-9402 oswa jennifer.childears@delaware.gov.

Nou P AP fè yon odyans piblik pou aplikasyon ki mansyone pi wo yo, sof si Sekretè DNREC a resevwa yon demann pou odyans anrapò ak aplikasyon an nan espas 15 jou apati dat avi sa a, pou rive 8 avril 2024. Yon demann pou yon odyans dwe fèt pa ekri. Epi demann nan dwe montre w alèz ak aplikasyon an ak yon deklarasyon ki bay detay sou enpak renouvèlman pèmi an ka genyen.

Division of Air Quality
State Street Commons, Suite 6A
100 W. Water Street, Dover 19904
302-739-9402




+