Wednesday, July 15, is a Code Orange Air Quality Action Day for Ozone for Delaware.
Miércoles, 15 de julio, es un Día de Acción de Calidad del Aire de Código Naranja por ozono para Delaware.
Mèkredi 15 jiyè, se yon Jou Aksyon Kòd Zoranj pou Kalite Lè a pou Ozòn pou Delaware. More Info

Delaware.gov logo

Desizyon Konfòmite Federal: Fonksyònman Bato NOAA OMAO (2024.0032)



Divizyon Klima, Kòt ak Enèji

Pibliye: 26 me 2024
Kòmantè yo dwe: 15 jen 2024

Avi DNREC Nimewo CCE20240200
Règleman ki pa gen Diskriminasyon

Yon desizyon Konfòmite Federal te depoze nan DNREC Delaware Coastal Management Program (DCMP) pou sa k annapre yo: Fonksyònman Bato NOAA OMAO (2024.0032)

Biwo Ki Responsab Bato ak Avyon (NOAA) nan Administrasyon Nasyonal ki Jere Lanmè ak Atmosfè a (OMAO) te prepare yon rapò ki gen eleman ki gen respekte règleman yo pou tout peyi a ki konsidere enpak ki gen rapò ak aktivite fonksyònman bato ki gen pou fèt ant 2023 ak 2038. Aktivite sa yo gen ladan l aktivite yo abitye fè tankou deplasman, ankraj, jesyon fatra epi jete yo, ak reparasyon ak antretyen bato a. Aksyon sa yo pwopoze a t ap pèmèt bato kontinye fonksyone ki soutni prensipal misyon NOAA a ki se sa ki gen rapò ak katografi ak sondaj idwografik; evalyasyon ak jesyon resous vivan nan lanmè a; siveye lanmè a, rechèch, ak kontwòl; ak repons ijans. Nesesite aksyon ki pwopoze a se pou konsève kapasite pou fonksyone san kanpe piske bato yo ap vin gen plis ane depi yo la epi y ap rive nan fen kantite tan yo te dwe bay sèvis la, sa k ap mande pou vin ak bato NOAA ki pi modèn. Pwojè yo pwopoze a ap analize pou konfòmite ak politik DNREC DCMP yo.

N ap resevwa kòmantè sou Desizyon Federal Ki Respekte Règleman yo jiska 15 jen 2024. Ou ka voye komantè yo bay: DNREC Coastal Programs, Ms. Kimberly Cole, Administrator, 100 W. Water Street, Suite 7B, Dover, DE, 19904, oswa pa mwayen elektwonik nan DNREC_DCP_PublicComment@delaware.gov. Pou w jwenn plis enfòmasyon, tanpri ale sou de.gov/dnrecnotices oswa rele (302) 739-9283.




+