Delaware.gov logo

Sètifikasyon Regilarite Federal: Projè Offshore US Wind Maryland



Divizyon Klima, Kòt ak Enèji

Pibliye: 21 avril 2024
Kòmantè yo dwe: 5 jen 2024

Avi DNREC Nimewo CCE20240149
Règleman ki pa gen Diskriminasyon
Enfòmasyon sou Maryland Offshore Wind Project soti nan US Bureau of Ocean Energy Management

Yo bay Pwogram Jesyon Bò Lanmè (DCMP) nan Depatman ki Responsab Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònman an nan Delaware (DNREC) a Sètifikasyon Regilarite Federal pou sa ki annapre a:

Projè Offshore US Wind Maryland – Plan Konstriksyon ak Eksplwatasyon (2022.0088)

US Wind, Inc. pwopoze pou devlope yon echèl komèsyal, pwojè enèji ki mache ak van ki bò lanmè nan Zòn Lokasyon yo rele Lease OCS–A 0490 bò lanmè nan Maryland. Pwojè yo pwopoze a gen jiska 121 jeneratris a van, jiska kat lòt estasyon bò lanmè. jiska kat kab expòtasyon bò lanmè, ak yon santral meteyo, nan yon rezo kawote nan Zòn Lokasyon an. Yo pwopoze pou kab ekspòtasyon bò lanmè a rive sou Plaj 3R la epi konekte nan yon estasyon yo pral konstwi sou pati fiskal 233-2.00-2.01 ki konekte ak santral elektrik Indian River a ki nan Rejyon Sussex, nan Delaware.

Biwo Jesyon Kouran nan Lanmè a te voye sètifikasyon regilarite federal la ak Plan Konstriksyon ak Operasyon an nan DCMP nan non US Wind Inc. nan dat 23 jen 2022, ak enfòmasyon ajou nou resevwa 14 mas 2024, ak 1ye avril 2024. US Wind, Inc. ak DCMP te jwenn yon antant pou mete analiz pwojè a sou poz ann amoni ak 15 CFR 930.60(b) jiska 9 fevriye 2024. Analiz pwojè a te kòmanse e nan moman an yo planifye fini l 9 jiyè 2024. Aktivite yo pwopoze a ap gen analiz ki fèt ladan l ann amoni ak 15 CFR 930 pati E a pou gade so l koresponn ak règleman DCMP yo.

Projè Offshore US Wind Maryland – Analiz Lisans/Pèmi USACE (2022.0088)

US Wind, Inc. pwopoze pou devlope yon echèl komèsyal, pwojè enèji ki mache ak van ki bò lanmè nan Zòn Lokasyon yo rele Lease OCS–A 0490 bò lanmè nan Maryland. Pwojè yo pwopoze a gen jiska 121 jeneratris a van, jiska kat lòt estasyon bò lanmè. jiska kat kab expòtasyon bò lanmè, ak yon santral meteyo, nan yon rezo kawote nan Zòn Lokasyon an. Yo pwopoze pou kab ekspòtasyon bò lanmè a rive sou Plaj 3R la epi konekte nan yon estasyon yo pral konstwi sou pati fiskal 233-2.00-2.01 ki konekte ak santral elektrik Indian River a ki nan Rejyon Sussex, nan Delaware. An gwo, jan yo pwopoze pwojè a, t ap gen enpak definitif sou anviwo 1,836 kawo espas ki gen dlo e l t ap fouye materyèl pou fasilite konstriksyon pwojè van bò lanmè a e l asosye ak enfrastrikti.

DCMP te resevwa sètifikasyon regilarite federal la pou itilizasyon pèmi ak otorizasyon U.S. Army Corps of Engineers (USACE) ki asosye ak pwojè a 23 oktòb 2023, ak enfòmasyon ajou nou resevwa 14 mas 2024, ak 1ye avril 2024. US Wind, Inc. ak DCMP te jwenn yon antant pou mete analiz pwojè a sou poz ann amoni ak 15 CFR 930.60(b) jiska 9 fevriye 2024. Analiz pwojè a te kòmanse e nan moman an yo planifye fini l 9 jiyè 2024. Aktivite yo pwopoze a ap gen analiz ki fèt ladan l ann amoni ak 15 CFR 930 pati D a pou gade si l koresponn ak règleman DCMP yo.

N ap resevwa kòmantè sou Sètifikasyon Regilarite Federal sa yo jiska 5 jen 2024. Ou ka voye komantè yo nan: Delaware Coastal Programs, Ms. Kimberly Cole, Administrator, 100 W. Water Street, Suite 7B, Dover, DE, 19904, oswa pa mwayen elektwonik bay DNREC_DCP_PublicComment@delaware.gov (Tanpri remake gen tirè souliyman ant DNREC, DCP, ak Public.). Pou w jwenn plis enfòmasyon, tanpri ale sou de.gov/dnrecnotices oswa rele (302) 739-9283.




+