Delaware.gov logo

7 DE Admin. Kòd 1102 Aplikasyon Pou Pèmi Minè Natirèl: Summit Cremation Services, LLC



Divizyon Kalite lè a

Pibliye: 28 me 2023
Kòmantè yo dwe: 12 jen 2023
Dokiman pou Revizyon
Aplikasyon pou pèmi
Lòt Enfòmasyon

Men sa k nan avi a:

Summit Cremation Services, LLC, mande yon pèmi Minè Natirèl pou l konstwi yon (1) Sistèm Pou Boule Kadav modèl A300 American Crematory Equipment Co. nan lokal yo a ki nan 119 W. Camden-Wyoming Ave., Wyoming, Kent. Sistèm pou Boule Kadav A300 an ap ka degaje 0.94 tòn NOX pa ane (TPY), 0.42 TPY SO2, 1.63 TPY CO, 0.14 TPY PM, 0.11 TPY PM10, ak 0.49 TPY VOC grasa Pèmi: APC-2023/0059-Construction. Grasa enfòmasyon yo jwenn pa mwayen esè yo fè ak enfòmasyon ki soti nan Ajans Ki Responsab Pwoteksyon Anviwònman an (EPA), Depatman an kalkile e l wè kantite metal ki lou ak eleman toksik k ap degaje nan lè a akoz sistèm pou Boule Kadav Moun B&L la e yo wè eleman toksik yo pa reprezante yon danje pou sante ak sekirite popilasyon an.

N ap analize aplikasyon pou pèmi sa a si gen demann ki fèt pou sa. Aplikasyon an disponib sou de.gov/dnrecnotices. Pou w voye yon kòmantè, pou w jwenn plis enfòmasyon oswa enfòmasyon konsènan fason w ka verifye aplikasyon an, tanpri kontakte Jennifer Childears nan (302) 739 9402.

P AP gen okenn odyans piblik anrapò ak okenn nan aplikasyon ki mansyone pi wo a si Sekretè DNREC pa resevwa yon demann pou odyans anrapò ak aplikasyon an nan espas 15 jou apati dat avi sa a, k ap fini 12 Jen 2023. Demann pou odyans lan dwe fèt pa ekri. Demann nan dwe montre ou konn sa k nan aplikasyon an e l dwe gen esplikasyon sou enpak pèmi ak ka genyen.

Tout kòmantè ak demann pou odyans piblik dwe ale nan adrès ki annape a:

Divizyon Kalite lè a
State Street Commons, Suite 6A
100 W. Water Street, Dover 19904
302-739-9402




+