Delaware.gov logo

7 DE Admin. Kòd 1102 Aplikasyon pou Pèmi Minè Natirèl: Kraft Heinz Foods Company



Depatman ki Responsab Kalita Lè a

Pibliye: 29 oktòb 2023
Kòmantè yo dwe: 13 novanm 2023
Dokiman pou Revizyon
Aplikasyon pou pèmi

Men sa k nan avi a:

Kraft Heinz Foods Company, mande yon pèmi tanporè pou konstwi epi sèvi ak yon veso 19.9 MMBTU/èdtan pou bouyi ak gaz natirèl Cleaver Brooks Model CBR-299-500-200ST an lokal yo a ki nan1250 W. North St., Dover, nan Rejyon Kent. Veso pou bouyi a ap lakoz gen 0.32 tòn PM10 ki gaye chak ane, 0.32 tòn PM2.5 chak ane, 0.03 tòn SOX pa ane, 1.50 tòn NOX pa ane, 1.61 tòn CO pa ane ak 0.16 tòn VOC pa ane pa mwayen Pèmi: APC-2024/0024-CONSTRUCTION/OPERATION (Temporary).

Tanpri remake pèmi minè sentetik ki la deja nan lokal la ap mete restriksyon sou eleman toksik k ap degaje akoz veso ki pou bouyi tanporè sa a (Pèmi: APC-1981/0866-FONKSYÒNMAN) (Amannman 08)(SM)) ki limite gwo kantite eleman toksik k ap degaje yo nan 10.57 tòn PM10, 0.21 tòn SOX chak ane, 22.19 tòn NOX pa ane, 23.87 tòn CO pa ane, 19.55 VOC chak ane ak 0.69 tòn HAP pa ane.

Yo ka mande pou yo analize aplikasyon pou pèmi sa a. Aplikasyon an disponib sou de.gov/dnrecnotices Pou w voye yon kòmantè ale, pou w jwenn plis enfòmasyon oswa pou w jwenn enfòmasyon konsènan fason w ka verifye dokiman aplikasyon an, tanpri kontakte Jennifer Childears nan (302) 739 9402 oswa jennifer.childears@delaware.gov.

Nou P AP fè yon odyans piblik pou aplikasyon ki pi wo yo sof si Sekretè DNREC resevwa yon demann pou odyans anrapò ak aplikasyon an nan espas 15 jou apati dat avi sa a, pou rive 13 novanm 2023. Yon demann pou yon odyans dwe fèt pa ekri. Epi demann nan dwe montre w alèz ak aplikasyon an ak yon deklarasyon ki bay detay sou enpak renouvèlman pèmi an ka genyen.

Tout kòmantè ak demann pou odyans piblik dwe ale nan adrès ki annapre a:

Depatman ki Responsab Kalita Lè a
State Street Commons, Suite 6A
100 W. Water Street, Dover 19904
302-739-9402




+